Konprann yon gwosès miltip
Yon gwosès miltip vle di ou w ap pote 2 bebe oswa plis. Sa ka parèt eksitan an menm tan tou li ka fè w pè. Ou ka ap mande nan kisa gwosès sa pral diferan. Ou ka bezwen konnen kòman sa ka afekte sante w. Epi w ap bezwen konnen kòman li ka afekte sante bebe w yo.
Yon gwosès miltip ka rive si ou itilize trètman pou fètilite. Se yon èd medikal pou ou ka fè timoun. Oswa sa ka rive natirèlman. Fanmi w ka abitye fè marasa. Yo souvan detekte yon gwosès miltip byen bonè. Answit ou ka jwenn swen prenatal anplis.
Swen prenatal pou yon gwosès miltip
Yon gwosès miltip se yon gwosès riske. Sa vle di gen gwo risk pou gen pwoblèm. Dwe genyen nan swen prenatal yo:
-
Plis randevou prenatal. Sa ede founisè swen sante ou an siveye sante oumenm ak bebe yo pi byen. Se enpòtan pou verifye fason y ap grandi nan matris la. Founisè swen sante ap siveye pou si gen pwoblèm. Y ap verifye pwa w ak sa w manje.
-
Plizyè Ekografi. Yo itilize yo pou verifye fason bebe yo ap grandi. Yo tyeke kantite likid amyotik la. Yo kòmanse ak tès sa yo pandan dezyèm trimès gwosès la. Yo ka fè yon ekografi pou ou chak 4 ak 6 semèn.
-
Tès pou tyeke sante w. Ou ka fè tès sik (glisemi) pi bonè. Se pou yo wè si ou soufri sik (dyabèt) jestasyonèl. Ou ka fè tès anemi akoz karans fè, pi bonè. Founisè swen sante w la ap verifye tansyon w tou souvan.
-
Tès pou verifye sante ti bebe w la. Ou ka gen pou w fè yon amyosentèz. Oswa yo ka fè yon byopsi pwal koryal yo (chorionic villus sampling, CVS). Yo fè yo pou yo gade si pa gen malfòmasyon konjenital. Yo ka fè w fè yon tès reyaktivite fetal (bebe). Sa se pou yo tcheke frekans kadyak bebe yo.
-
Preparasyon akouchman an. Yon gwosès miltip ogmante risk akouchman anvan lè. Li ogmante risk pou ou fè sezaryèn. Li enpòtan pou w pale sou sa yo ak founisè swen sante ou a.
Nan randevou prenatal yo, w ap bezwen konsèy sou:
Risk yon gwosès miltip genyen
Lè ou ansent yon marasa oswa plis ti bebe, risk pou tout pwoblèm ki ka rive pandan gwosès la ogmante. Se pou tèt sa w ap bezwen plis swen prenatal. Yo ka jere anpil nan pwoblèm sa yo pi byen si yo detekte yo byen bonè.
Risk pandan gwosès la
-
Kantite globil wouj yo vin piti anpil (anemi)
-
Sik (dyabèt) jestasyonèl
-
Ipètansyon jestasyonèl (pre eklanpsi)
-
Gwo anvi vomi le maten ak fatig
-
Akouchman anvan lè (avan 37 semèn)
-
Bebe a pa pran pwa nòmalman (anpèchman pou bebe a pran pwa)
-
Bebe monokriyonik. Se lè bebe a pataje plasennta a ak sak amyotik la. Sa ka ogmante risk sendwom transfizè transfize (twin-to-twin transfusion syndrome, TTTS). Se lè pa gen menm kantite san ki ap sikile pou marasa yo.
Risk aprè nesans
-
Pwoblèm sante pou bebe ki fèt anvan lè ak swen entansif pou ti bebe ki fenk fèt (NICU)
-
Depresyon aprè akouchman
-
Gwo senyen aprè nesans lan (emoraji aprè akouchman)
-
Pwa bebe a aprè nesans lan piti
-
Malfòmasyon konjenital
Lè pou w rele founisè swen sante w la
Rele founisè swen sante ou a imedyatman si w gen nenpòt nan sa yo:
Date Last Reviewed:
6/1/2020
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.